Lapolis dejwe yon tantativ kidnapping : 3 bandi sangwen ta mouri nan echanj kout zàm

Pòtopwens_____(TRiboLAND) PNH dejwe yon tantativ kidnapping nan Ri Dèkazèn aprè midi mèkredi 16 mas 2022 a nan kapital la.
Pandan kout sènay la, 3 bandi ta rapòte fè vwèl pou peyi san chapo nan boukante kout zàm ak fòs lòd yo, daprè enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND.
Bandi sangwen yo ki te chaje ak manch long tap vire ak yon Toyota Land Cruiser Prado doub kabin blende. Kontre kòn nan te deklentche nan Ri Dèkazèn ki te yon veritab chan batay telman kout zàm tap chante. Konsa, yon motosiklis arive blese anba bal nan moman echanj kout zam yo.
Rayi chyen di dan li blan! Depi kèk jou, genyen yon ti kal tou piti limyè detèminasyon lakay fòs lòd yo ki kòmanse ap flite bandi ame sangwen, ki se yon kansè numewo 1 peyi ki merite eradike.






