Sidès / Edikasyon : Pwofesè ki poko nome yo mande regilarizasyon sitiyasyon yo

36
0
Share:
TRiboLAND

08/11/2026

Sidès, Ayiti ______(TRiboLAND) Kolektif Pwofesè ki poko nome nan depatman Sidès la leve vwa yo pou mande Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pran dispozisyon pou regilarize sitiyasyon administratif tout pwofesè kalifye k ap travay deja nan sal klas yo.

Nan yon konferans pou laprès yo bay jodi madi 11 dawout 2026 la, reprezantan kolektif la mete aksan sou nesesite pou ministè a pran mezi konkrè pou nome pwofesè ki ranpli kondisyon yo. Daprè yo, gen plizyè edikatè k ap bay sèvis nan lekòl yo depi yon bon bout tan, men ki toujou ap travay san yon sitiyasyon administratif ki klè.

Pou kolektif la, regilarizasyon sa a vin pi enpòtan toujou pandan peyi a ap prepare pou nouvo ane akademik la, kote rantre lekòl la fikse pou 7 septanm 2026. Yo estime MENFP dwe aji anvan dat sa a pou pèmèt pwofesè yo antre nan nouvo ane lekòl la avèk plis estabilite ak garanti administratif.

Pwofesè ki poko nome yo konsidere nominasyon yo kòm yon etap enpòtan pou amelyore kondisyon travay yo. Daprè yo, yon sitiyasyon administratif ki regilarize kapab pèmèt yo gen plis sekirite nan travay yo epi kontribye pi efikasman nan sistèm edikatif la.

Kolektif la lanse yon apèl bay otorite edikatif yo pou yo tande revandikasyon pwofesè yo epi pran dispozisyon ki nesesè pou jwenn yon solisyon. Yo swete kesyon nominasyon pwofesè kalifye yo jwenn yon repons anvan ouvèti ofisyèl ane akademik 2026-2027 la.

Share:

Leave a reply