Plizyè dizènn moun ki travay nan kad pwogwam apezman sosyàl gouvman an, ap reklame lajan yo.

947

07-29-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè dizènn peyizan, travayè, agwonòm, enjenyè ki travay depi kòmansman mwa avwil 2023 a, pa sispann reklame 2 kenzènn travay ke yo poko janm touche.

Anployè tout plimay sa yo ki tap redi cheche nan kad pwogram apezman sosyàl gouvenman Ariel Henry an, atravè ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman riral, direksyon depatmantal Grandans lan, deklare ke yo genyen fanmiy ki pa kapab mete men nan bouch e yon pap kapab rann gouvènman sèvis gratis sila.

Konsa, yo mande minis agrikilti an, agwonòm Brady Charlot, peye yo lajan 2 kenzènn travay yo, yon fason pou yo reponn ak bezwen tèt yo avèk fanmi yo.

Progwam apezman sosyal sa a, selon temwayaj kèk nan revandikè yo ki te entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen yo travay anba proteksyon bèj, bò rivyè yo, tretman ou koreksyon ravinn, jis pou pwoteje anviwoman an, e se apati anvlop 21 milya goud ke ekip an plas la te dekese pou swa dizan yon apezman sosyàl.


Comments are closed.