Ajan BSAP nan Senlwidinò rankontre ak Meri e delege vil la, pou diskite zòn ak lye proteje komin lan

306
1
Share:
TRiboLAND

06 – 20 – 2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Komite kap dirije ajan BSAP yo nan komin Senlwidinò rankontre  ekip Lameri ak delege vil la jounen jedi 20 jen 2024 la. Rankont sila fèt nan kad pou reflechi sou zòn ak lye pwoteje yo. Pòt pawòl ajan BSAP la, Pacouloute Raymond Telfort prezante diferan pwoblèm yo konstate nan vizit lye yo fè deja yo.Yo mande majistra a ede yo jwenn materyèl ak sipò finansye pou yo demare ak travay yo nan mitan popilasyon an.

Vis delege awondisman Senlwidinò ak Ansafolè a, Benoit Orel Homme felisite travay BSAP yo. Li kontinye deklare ke li pral mennen yon seri demach pou ede mesye yo jwenn yon seri materyèl enpòtan pou yo kontinye travay la.

Responsab BSAP la, pwomèt li pral soumèt yon dokiman bay otorite lameri yo ki genyen tout revandikasyon ak materyèl ajan yo ap bezwen pou yo kontinye travay.pou popilasyon nòlwizyèn nan.



Share:

1 comment

Leave a reply