Ansyèn Pwemyè Dàm Martine Moise mande pou genyen yon ankèt ki louvwi sou Jij Garry Orélien pwese pwese

2,937

01/22/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Apwè ke non li fè objè de kòripsyon nan rapò RNDDH la, Jij Garry Orélien ki te mande yon pwowogasyon delè pou vanse ak ankèt sou asasina Jovenel Moise la, ap chèche sou ki pye pou li danse. Dapwè dènye rapò RNDDH la, nèg Lalwà a ta sanble pran gwo magogo lajan anba pou fasilite odisyon ak leve entèdiksyon depa ki te pandye sou tèt ansyen direktè PNH la, Léon Charles.

Konsa, fas ak katafal akizasyon sa yo, ansyèn Pwemyè Dàm Martine Moise ki repwezante pati sivil la nan kad asasinay pwezidan repiblik la, Jovenel Moise, solisite CSPJ atravè batri avoka li yon ankèt pwese pwese ki louvwi sou yon seri nyàj sispèk ki pandye sou tèt jij Orélien.

Nap raple, se pandan jounen vandredi 21 janvye 2022 a, Jij Garry Orélien deside ofisyèlman desezi l de dosye asasina Jovenel Moise la ki se yon veritab espagetizasyon kap demaske yon pakèt malfektè.

Comments are closed.