Yon pwotokòl akò siyen ant direksyon depatmantal ministè kondisyon fanm yo nan Nòdès

724

07-28-2023

Fòlibète, Ayiti ____(TRiboLAND) Sou inisyativ RFEO, PGNE ak plizyè lòt òganizasyon dwa fanm ak tifi nan depatman Nòdès la, yon pwotokòl akò siyen jounen vandredi 28 jiyè 2023 a, avèk direksyon depatmantal ministè Kondisyon Fanm .

Bò kote kòdonatè platfòm Nòdès yo (PGNE), madam Jesula Blanc fè konnen pwotokòl akò sila pral pèmèt fanm ak tifi ki sibi atak seksyèl ak jwèt sisinay, pral kapab jwenn yon sètifika san yo pa peye yon goud Lesko. Konsa, sa ap pèmèt òganizasyon dwa fanm yo kapab travay nan enterè fanm ak tifi.

Se yon pwotokòl dakò ki gen pou wè ak valorize òganizasyon dwa fanm yo nan depatman Nòdès la. Plizyè òganizasyon dwa fanm te soti nan divès kwen nan depatman an pou te kapab al siyen yon parèy pwotokòl.

Comments are closed.