Rosemila Petit Frère mete moise Jean Charles nan plas li e kesyone rapò li avèk yon seri dealer dròg venezyelyen

1,600

11-05-2022

Ansyèn majistrat Akayè, Rosemila Petit Frère denonse ak tout fòs alegasyon ou akizasyon de grenn goch ke lidè Pitit Desalinn nan, Moise Jean Charles lage sou do li, kòm kwa li ta fè pati yon eskadron lanmò kap pase moun alenfinitif.

Rosemila Petit Frère ki tap entèvni sou yon radyo nan kapital la vandredi 4 novanm 2022 a, deklare “Mwen pa manm oken group Whatsapp ki reyini yon group polisye ke Moise Jean Charles tante akize’m pou li a; e ke map pèsekite senp sitwayen e fè lapolis egzekite yo”.

Madanm Petit Frère lonje dwat jouda sou ansyen majistra Milo a, kòm kwa li ta nan danse kole avèk machann dròg venezyelyen e menm mande popilasyon an pou kesyone rapò lidè PPD a ak yon seri gro chabwak dròg nan peyi Venezyela.

Li akize egalman Moise kòm yon trèt ou yon konze ki se yon pwòch Ariel Henry, alòske li pran lari ap proteste kont e mande depa dirijan defakto PHTK a. “Menm si ou wè map fwape ou politikman, pa enkyete’w. Mwen dwe fè sa pou mwen kapab toujou egziste politikman”, daprè sa Rosemila konfime ki te soti nan bouch lidè PPD lan.

Comments are closed.