Yon vizyonkonferans konte fèt mèkredi 3 màs ant yon seri reprezantan depatman deta ameriken ak plizyè reprezantan òganizasyon nan sosyete sivil ayisyènn nan

223

03/01/21

Wachennton______(TRiboLAND) Genyen yon vizyonkonferans ki prevwa fèt demen mèkredi 3 màs 2021 an ant plizyè reprezantan depatman deta ameriken ak yon latriye dirijan nan divès òganizasyon nan sosyete sivil la ak lòt antite kap batay pou dwà moun anndan peyi Dayiti.

Saki pral kontnu ajanda diskisyon yo, se plis sou vyolasyon dwà moun, evolusyon dictate a kap miltipliye plimaj ak fason enpinite ap taye banndadwà anndan peyi Dayiti. Yon parèy chita tande pràl pèmèt divès mesye dàm ki nan òganizasyon sosyete sivil la fè ouvri yon dosye detaye pou konpòtman ansyen prezidan an ki kontinye ap evolye nan inegalite selon konstitisyon peyi a.

Yon parèy rankont pràl yon rapouswiv de yon premye reyinyon ki te fèt ant plizyè kongrèsman ameriken ak reprezantan “Nou Pap Dòmi,” Bureau des droits humains en Haïti (BDHH) ak RNDDH, ki selon yo menm, sa pràl pèmèt administrasyon Joe Biden nan koupe fache ak ansyen prezidan Jovenel Moise ki tèmine manda li depi 7 fevriye 2021 dènye.

Comments are closed.