Kowonaviris: Yon gwo kout gidon, OMS pral bay Covid-Organics Madagaska a jarèt

339

(TRiboLAND) Apwè antretyen Pwezidan malagach la avèk omològ li, pwezidan ayisyen an Jovenel Moise, Andry Rajoelina te fè echanj yè Mèkredi a avèk Dr. Tedros Adhanom Gherevesus ki se direktè jeneral Òganizasyon Mondyal Sante (OMS) ki “salye an gran panpan efò peyi Madagaska nan kad batay kont kovid-19 la e dekouvèt Covid-Organics la”.

Andry Rajoelina konfime sou kont twitè li ke OMS konte sinye yon kloz konfidansyalite sou fòmulasyon e yo ap gen pou bay jarèt tou ak pwosesis obsèvasyon klinik ki gen pou fèt nan Kontinan Afwiken an.

Nap raple, OMS te manifeste yon pozisyon trè radikal kont aparisyon Covid-Organics osito anons dekouvèt la te fèt nan peyi Madagaska.

Comments are closed.