Azèk Pierre Dieudonné nan Beladè denonse yon group moun nan kominote a ki pa vle kite bèf peyizan yo anrepo

381
0
Share:
TRiboLAND


07 – 30 – 2024

Beladè, Ayiti _____(TRiboLAND) Azèk premyè seksyon kominal Rentmate ki trouve-l nan komin Beladè, denonse yon group endividi nan seksyon an ki pa vle kite bèf peyizan yo anrepo, endividi sa yo jwe sou feblès Leta pou simen latèrè nan kominote a.

Latè prèske pa bay, se elvaj ki veritab kanè peyizan yo, daprè Azèk Pierre Dieudonné, jodia fè 8 jou depi li pèdi 4 bèf. Otorite lokal la di yap fè fas ak yon pwoblèm ensekirite grav nan seksyon an, yo pwofite mande otorite yo nan pi wo nivo Leta pou ede peyizan yo jwenn yon klima fonksyonnman ki estab.

Share:

Leave a reply