Arestasyon Sadrac Sainto nan Sidès: plizyè mil goud ak machin sezi e konfiske

07-25-2023
Jakmèl, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon operasyon jarèt tranble, Lapolis nan Sidèt peyi a, mete men nan pat kasav Sadrac Sainto nan lokalite Meyè. Yo fouke pwezime eskanmòtè a sou akizasyon zak malfektè ak vòlè.
Sainto jwen arestasyon li nan moman fòs lòd yo te jwen yon latriye konplent bò kote yon latriye sitwayen ke nèg sangwen ki pa idantifyàb te konn ap ransone sitou lè yo sòti labank. Sadrac Sainto jwen arestasyon li, apwè ankèt SDPJ-SE yo .
Konsa, lapopo arive sezi 57 mil goud, yon machin koulè jonn, mak “Tracker” ki nimewote DD-11466 ke annafè a t’ap kondwi arive sezi e konfiske egalman nan komisarya Jakmèl la.
Nap raple, chèf pwezime vòlè a jwen arestasyon li nan dimanch swa 23 jiyè 2023 a nan lokalite Meyè, Sidès peyi a.






