ICE mete men sou Dimitri Vorbe nan Miami pou ekspirasyon pèmi sejou

481

Florid____(TRiboLAND) Gwo Businessman ayisyen an, Direktè konpayi SOGENER ki pote non “Dimitri Vorbe”, jwen arestasyon li jodi vandredi 21 out 2020 an nan Florid.

Grimo a ke imigrasyon peyi Etazini boske arive pran minòt anba lobedyans sèvis (Immigration and Customs Enforcement (ICE) akoz pèmi sejou li ki ekspire lakay Tonton Sam.

Konsa, Vorbe jwen arestasyon li e achemine tèt dwèt nan yon kan detansyon byen koni nan Florid ki rele KROME NORTH SPC nan Miami, daprè piblikasyon otorite amerikèn yo ki te arive localize Dimitri swivan pozisyon jewografik li sou entènèt, daprè Depatman Sekirite Enteryè peyi Etazini.

Nap raple, daprè gwo lèse frape ki genyen ant Leta ayisyen ak SOGENER, Dimitri Vorbe te genyen anpil kontrent pou te pote tèt li nan peyi Dayiti.

Comments are closed.