Popilasyon Sen Michèl Latalay rele chalbari dèyè Jij sipleyan Faude Chereste kap vann jistis la nan laye

563

07-24-2023

Sen Michèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Komin Sen Michèl Latalay ap fè fas ak yon pwoblèm jistis grav, daprè Anulé Saint Juste, ki se yon notab nan zòn lan. Gwo eskandal pete aprè yon kazèk te arete 3 vòlè bèf, mennen yo nan tribinal la; Jij Depè Sipleyan, Faude Chereste lage youn pou 250 000 goud, alòske li voye 2 lòt yo Gonayiv paske yo pat gen tchotcho.

Yon sitiyasyon ki leve plim sou do popilasyon an, ki te menm al lakay Jij la pou dechouke li. Jij Faude ki te nan kanpe kwen pandan anviwon 2 semèn retounen nan tribinal la, sa ki leve plim sou do popilasyon an yon lòt fwa.

Jij Faude pa vle wè lajan, daprè temwanyaj yon latriye moun. Yo deklare, pou nenpòt ti krik – krak, Jij la arete moun pou fè lajan. Daprè notab Anulé Saint Juste toujou, gen yon petisyon divès sitwayen nan komin lan deja sinye pou mande otorite yo nan aparèy jistis la pran desizyon kont Jij raketè sa kap dechèpiye moun nan Sen Michèl.

Comments are closed.