Monseyè Marie Erick Glandas Toussaint mande pou ayisyen kiltive sajès ak evite laparès

837

07-23-2023

Marigo, Ayiti____(TRiboLAND) Nan omeli sikonstans Monseyè Marie Erick Glandas Toussaint, nan fèt patwonal Marie Madeleine Peredo (Marigot), li mande pou tout ayisyen kiltive sajès, ki se yon aki ki ka retire nou nan katchaboumbe nou ye la. Sajès nan fanmiy yo, sajès nan kominote nap viv la, sajès nan travay, elatrie ak evite laparès. Zafè laparès vin yon abitid nan peyia, majorite moun ki parese yo; vle mennen yon vi ere, alòske se travay ki ka fè moun reyisi.

Evèk Jakmèl la mande tout moun, fè sa yo kapab pou retire peyia nan sa li ye la. Sityasyon yo ap deteryore chak jou ki jou, sa mande sakrifis ak detèminasyon pou soti nan salmanaza sila. Evèk la pran egzanp sou Marie Madeleine ki te anvayi anba kontwòl divès demon, men li te aksepte swiv Jezi.

Evèk la touche zafè chanjman klimatik la kap souke labil moun an Ayiti, alòske manke gen debat ki fèt sou li. Gaz a efè yo, gen gwo enpak sou anviwonman ki polye; li kontinye pou poze kesyon sa: èske chak kiyè manje yon ayisyen kap viv Ayiti pa gen gwo konsekans sou lavi yo? Gen yon nivo kanpay ki ta dwe fèt pou sansiblize moun yo jere aparèy yap sèvi yo, ki fè gwo enpak sou anwonman. Li enpòtan pou-n abrase kilti nou ki se mak fabwik ak valè nou.

Monseyè a fini pou mande enplikasyon tout moun, nan batay pou pwoteje anviwonman an, ak mennen yon kanpay pou rebwaze peyia a, ki ap yon aki nan koneksyon nou kòm moun avèk nati a.

Comments are closed.