Bandi atake lokal wonm Bakara nan Kwadèboukè, plizyè moun mouri e blese

173
0
Share:
TRiboLAND

07-22-2023

Kwadèboukè, Ayiti ____(TRiboLAND) Bandi atake jodi samdi 22 jiyè 2023 lokal wonm Bakara ki twouve-l nan Kwadèboukè. 2 enplwaye mouri, 4 blese, 3 kamyon boule.

Bandi yo ale ak 8 lòt anplwaye daprè responsab yo. Anplis, malfwa yo piye antrepriz la pandan yo pote ale divès kès wonm ak divès lòt bagay ankò.

Poko gen oken siy ki ta fè konnen ki group gang ame ki poze zak la, tout fwa, gen anpil enkyetid nan antrepriz la, paske gen plizyè tankè ki touche, yon sitiyasyon ki riske fè gen eksplwzyon.

Responsab yo mande otorite yo aji vit, pou enpeche gen dega.

Share:

Leave a reply