Batay pou pwoteje anviwònman an se yon dewa pou chak sitwayen.

445
0
Share:
TRiboLAND

07-22-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Anviwònman an se yon sistèm ekilibre. Li fòme ak plizyè eleman tankou : moun, bèt zannimo ak divès lòt resous anlè ak anba tè.

Obligasyon pou n redore blazon anviwònman nou, se yon devwa pou chak sitwayen. Sispann koupe pye bwa pou fè chabon!

Plante yon pye bwa, se yon chans ou bay chak sitwayen pou yo kontinye viv paske, nan pye bwa yo, moun ak zannimo yo jwenn tout sibstans nesesè pou nouri.

Pa tann se Leta ak òganizasyon entènasyonal yo ki pou vin plante pye bwa pou ou, paske se pa yo menm ki te koupe’l. Pa di’w pa gen plant, menm jan w batay pou rezoud pwoblèm ou, rezoud pwoblèm anviwònman ou. Si jenerasyon ki pase yo t ap tann blan Meriken pou vin plante pou yo, nou patap gen plant sa yo tankou : bon zaboka nap manje, mango, kokoye, papay poun site sa yo sèlman.

Responsab legliz yo, lidè politik ak òganizasyon tout plimay, direktè lekòl, peyizan kou nèg lavil, ann plante pye bwa lakay.

Ansanm nou ka sove espas vèt yo, epi amelyore espas debwaze yo, pou anpeche chanjman klimatik pote nou ale!

Share:

Leave a reply