Yon jwè seleksyon nasyonal Foutbòl anpite a, ap fè fas ak gwo difikilte ekonomik

1,049

Se anba gwo mirak pou John Antoine, jwè seleksyon nasyonal foutbòl anpite a, mete men nan bouch, pandan ke mouche move lavi kwaze pye’l rèdmare nan yon ti chanm kay avèk yon madanm ki ansent.

07-21-2023

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) John Antoine, nimewo 4 ki sot reprezante seleksyon nasyonal foutbòl anpite a, ki sot reprezante peyia nan dènye Koupdimond peyi Tiki a, ap fè fas ak gwo pwoblèm ekonomik. Pou jwè a bay fanmi-l manje, se anba gwo mirak Pè Letènèl. Madanm li ki ansent pou konnya, antre nan yon relijyon manje prèske chak jou sosis. John tèlman te rive nan yon sitiyasyon difisil se telefòn li, li te oblije plane pou pran 3 000 goud pou pou fanmiy an pa mouri grangou.

Daprè sa John di nan mikwo Laprès, aprè mondyal la yo te bay li 25 000 mil goud sèlman ki pa reprezante anyen pou li ak fanmi-l. Menmjan ak li, plizyè jwè chaje pwoblèm e yo pa jwenn oken asistans. Dirijan yo sèlman konnen yo, sèl lè yo bezwen yo pou al antrene. Dènye fwa li jwenn 500 goud, se lè yo te fin sot jwe eliminitwa epi yo bay li pou peye machin. Si gen sipò andikape yo jwenn, yo pa rive sou li.

John fini pou di, moun ki gen 2 pye pa ka viv nan peyia, alewè pou moun kap viv ak mobilite redwit. Sitiyasyon difisil pa sispann bay gwo pataswèl, e mande tout moun ki gen bòn volonte ede-l nan mezi yo kapab. Yap jwenn li sou 3687-8352.

Nap raple tout moun, nan mondyal foutbòl mobilite redwit la, jwè ayisyen yo te reprezante peyi a ak anpil onè ak fyète nasyonal nan peyi Tiki, yo te fini an 4èm pozisyon.

Comments are closed.