Bandi sangwenn nan Tibwadòm kidnape Limail Gracia.

851

07-20-2023

Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Bandi sangwenn Tibwadòm yo, kidnape mesye ki rele Limail Gracia nan lokalite Lakwaperis yè mèkredi 19 jiyè 2023 a, nan moman li te nan wout pou patisipe nan fineray fanmiy li ki te mouri Gonayiv.

Ravisè yo mande 500 mil dola, pandan setan fanmiy lan paka jwenn 50 mil goud, ap mande otorite yo nan depatman an fè yon jan pou yo.

Sa gen lontan depi malfwa yo pa sispann teyorize popilasyon an. Fòk gen yon desizyon deta ki pran pou frennen zak malonèt sa yo nan rejyon Nòdwès peyi a.

Nap raple, popilasyon Nòdwès la, lonje dwàt jouda sou Direksyon depatmantal polis la nan Nòdwès ki nan bonjan kòkòday ak gang yo ki deklare ke se yo ki peye lapolis, e yo pa manje pou kò yo.



Comments are closed.