Core Group ap fè Ariel Henry je dou e mande yon gouvènman konsansyèl ak enkluzif

622

07/17/2021

Pòtopwens______(TriboLAND) Nan yon kominike “Core Group” (ki konpoze ambasad Almayn, bwezil, Kanada, Fwans, Espay, Etazini, Inyon Ewopeyèn, Òganizasyon Eta Ameriken ak Repwezant Espesyàl Sekretè jeneral Nasyon Tèt Kole yo) mete deyò, li envite Pwemye Minis dezinye a, Ariel Henry pou li kontinye jwe wòl misyonè li ki se fòme yon gouvènman konsansyèl ak enkluzif.

Core Group ke majorite sitwàyen ayisyen kalifye de yon konpòtman demeplè e awogan ke li pa sispan afiche anndan peyi Dayiti, raple ke Ayiti ap peri seryezman. Konsa, manm gwoup la swete wè tout aktè politik, ekonomik ak sosyete sivil la bay otorite yo jarèt nan efò ke yo ap deplwàye pou enstore sekirite sou tout tèritwà nasyonal la, espesyàlman vyolans nan zòn kote gang yo; òganizasyon eleksyon lejislatif ak pwezidansyèl lib, transparan, kredib e san fòs kote nan yon delè pap padap; ak asure ke chak pitit tè a benefisye bonjan sèvis bò kote leta a.

Plizyè politisyen ayisyen pat pwan tan pou te reponn “Core Group” nan emysyon “Ranmase” samdi 17 jwen 2021 an, sou Radio Télé Caraibe. Politisyen yo te rejte tout fòm konsèy Core Group la ke yo estime ki pa genyen otorite moral ase pou pwodike konsèy koulya anndan Ayiti. Yo deklare ke Core Group sa ki kontribye nan efondreman nasyon sa ke yo pa sispann pase anba pye.

Kritik yo akize “Core Group” la, kòm youn nan antite ki foure bouch li kote li pat dwe nan zafè peyi Dayiti e ke se li menm tou ki lage peyi a nan saltenbank ke li ye la. Ke yo kenbe tout konsèy ak souwè ke yo genyen pou tèt yo, e kanpe soukote pandan ke yo dwe al okipe wòl yo kòm diplomat, dapwè kèk envite politisyen ki te sou Radio Télé Caraibe.

Comments are closed.