Gran pelerinaj anyèl ak legliz katolik Dwa Ene nan komin Senlwidinò.

49

03 – 25 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Plizyè milye fidèl kretyen katolik nan Dwa Ene nan komin Senlwidinò, patisipe nan gran pelerinaj anyèl pou peryod fèt Pak la. Responsab Dwa Ene Senlwidinò a, pè Roberson Pierre ranmase tout fidèl li soti Lavo jis rive Ansafolè vin adore Bondye, fè penitans diran moman sent lan ki pral debouche sou tan paskal la.

Plizyè milye kretyen katolik temwanye Grandè Bondye nan lavi yo, e konfese ke yo ap obsève semèn sent lan ak tout konviksyon yo, pou tan paskal la kapab edifye yo.

Comments are closed.