Komin Senlwidinò konte selebwe fèt patwonal li an gran panpan

949

08-24-2023

Senlwidinò,Ayiti___(TRiboLAND) Anpil gwo aktivite deja reyalize nan vil Senlwidinò, tout tikwen nan komin nan kòmanse dekore ak tout kalite òneman; machann soti nan tout ra kwen pou vin vann pwodwi tout kalite sou plas piblik la.

Majistra Gaston Estima nan entèvansyon li fè nan lapwès, fè konnen tout mezi gentan pran pou garanti sekirite tout moun kap vin patisipe nan fèt patwonal la Senlwidinò a.

Gwo reparasyon ap fèt nan legliz katedral la, alòske fidèl katolik yo te gentan òganize yon veye patwonal soti 15 pou rive 23 out 2023 a. Anpil peleren deja pote kole nan vil la; konsa, yo vin pote patisipasyon pa yo nan fason ke yo kapab.

Malgre kriz ensekirite generalize a, sa pa anpeche moun soti nan diferan kwen nan peyi a, nan kad patisipasyon yo nan festivite yo ki te deja demare depi 8 out pase a.

Comments are closed.