Yon mès aksyon Degras chante nan legliz Notre Dame de la Paix maten lendi 10 jiyè 2023 a, pou selebre fèt patwonal pawas la.

757

07-10-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan okazyon fèt patwonal Notre Dame de la paix nan pawas Dègranj, 3è seksyon nan komin Senlwidinò, yon mès aksyon Degras chante nan pawas la pou mande Notre Dame sekou pou peyi a.

Aktivite sa te dewoule an prezans otorite sivil, militè, lajistis ak anviwon 18 pè ki te soti nan diferan pawas nan dyosèz la, 2 dyak ak fidèl ki soti nan tout kwen nan depatman Nòdwès la, te vinn selebre Sen patwon yo, Notre Dame de la Paix.

Reveran pè Joulvens Mulatre, kire pawas Polen Lakòn nan, nan omeli sikonstans lan, mande fidèl yo pratik lapè si yo vle reyisi nan tout sa yap fè, ak tout sa yap antreprann; paske lapè se chemen ki kondwi nan devloman. Li kontinye fè yo kwè ke pa genyen yon sosyete, yon peyi ki ka devlope si pa gen lapè, kite yimgyamg ak chen manje chen pou peyi a avanse nan chemen devlopman .

Fidèl yo nan pawas la mande Bondye pou lapè renye nan peyi a pou tout moun rive viv kòm bon jan kretyen batize atravè mond lan.

Comments are closed.