Mèt Jean Gardy denonse arestasyon ilegal e abitrè komisè Tigwav la, PIERRE Elioth Paul fè sou Mèt Carlos Molière.

07-09-2023
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka kap defann Mèt Carlos Molière a, denonse epi kondane arestasyon ilegal epi abitrè komisè gouvènman pakè Tigwav la, Mèt PIERRE Elioth Paul, fè sou kliyan li an, Carlos Molière.
Mèt Hardy Jean Gardy ki deklare, se sou rezo sosyal yo l ap gade nan yon manda kap sikile, motif arestasyon an, kòm kwa Mèt Carlos Molière ta outraje Komisè Elioth.
Avoka a ki tap pale fè konnen, li pa nòmal pou CG Elioth Paul arete kliyan li an, san manda. Mete sou sa, apwè 6 zè diswa, li fè konnen pa genyen okenn pwosedi jidisyè ki respekte nan kad arestasyon sila a.
Toutfwa, mèt Hardy Jean Gardy egzije liberasyon kliyan li an, Mèt Carlos Molière prese-prese, paske dapwè li, mèt la pa fè ouvraj, pwiske komisè a pat nan plèn seyans.






