Senlwidinò: Karitas Swis ak patnè li yo mete fen nan pwojè ranfòse sekirite alimantè ak nitrisyon an.

856

07-09-2023

Senlwidinò, Ayiti___( TRiboLAND) Pwojè pou ranfòse sekirite alimantè ak nitrisyon ki te gen travay reyabilite twoson wout nan lokalite Do Bèje nan 4èm seksyon Rivyèba, nan komin Senlwidinò, pran fen san travay yo pa fini.

Pwojè sa te gen kòm kliyan : MARNR/DDANO.
Manadjè : Caritas Suisse ki te jwenn mwayen finansman Union Européene te dwe demare nan mwa janvye 2019 pou pran fen nan mwa jen 2023; pwojè a bout, san travay yo pa fini.

Daprè popilasyon an ki pa kache ekspwime ensatisfaksyon li; yo pa satisfè, paske yon parèy pwojè pa arive ateri, “Olye moun yo soti nan sekirite alimantè yo plonje pi fon nan mizè”, dapwè yon patisipan ki estime te genyen absans “dirabilite” nan pwojè ki pat genyen yon “long terme” aspè.

Pwojè sa pran fen travay reyabilite twonson wout Do Bèje ki pa fini, anplis popilasyon an vin pi pòv ke avan. Li enpòtan pou kesyone: Ki rèv ONG yo genyen pou pèp Ayisyen an?

Comments are closed.