Me ki sa TRiboLAND konnen sou siyasyon tèrè ekstrèm kap devlope nan plizyè banlye nan Petyonvil.

1,478
  • Depi Dimanch 19 rive jodi mèkredi 22 mas 2023 a, rezidan nan banlye Petyonvil tankou: Laboul
  • Gang sangwen Ti Makak ratibwaze plizyè katye nan Laboul; e akapare plizyè rezidans oubyen mete dife sou yon seri sitwayen.
  • Maten madi 21 mas 2023 a, popilasyon nan Laboul 12, temwen 3 kadav ki epapiye nan lari.
  • Group gang sangwen “Kraze Baryè”, ki genyen nan tèt Vitelhomme Innocent touye, blese, ensandye e menm ekspilse yon latriye moun nan plizyè katye nan banlye Peyonvil.
  • Group gang yo detèmine pou okipe tout komin Petyonvil e miltipliye krim yo chak jou ki jou.
  • Majorite zam gang yo soti nan peyi Etazini, swadizan zanmi Ayiti.
  • Yon etidyan lekòl nòmal Siperyè nan Inivèsite Deta Dayiti, Tchadensky Jean-Baptiste mouri anba yo bal sou Chandmas, Pòtoprens.
  • Gang Kraze Baryè bwile tou vif, Jean Bernard Vertuson, yon polisye CIMO, 23èm pwomosyon yè lendi 20 mas 2023 a.
  • Jij enstriksyon pou tribinal premyè Enstans Pòtoprens, Mèt Ikenson Edumé disparèt tankou yon kout eklè.
  • Gang  “Kraze Baryè” touye e mete dife sou plis pase 10 moun yè lendi a nan kafou Kago ak Tinèl.
  • Wo kòmandman PNH la chaje malfektè ki genyen bonjan ramifikasyon avèk mouvman gang yo. Yo viv anpil de kidnapping lan.
  • Swadizan dirijan anndan peyi a, finalman temwenye ke yo pakapab; yo deklare bay popilasyon an “sauve qui peut” ou “adopte légitime défense”.
  • Afwontman gang ap miltipliye, alòske selon BINUH premye semèn mwa mas genyen pou pi piti 208 moun ki blese, 164 blese ak 101 kidnape.
  • Anpil moun fòse kite lakay yo nan Tomasen, Laboul, Kenskòf e latriye, anba presyon ak menas gang.
  • Kèk diplomat ki te abite nan kèk lokalite nan komin Petyonvil, tap eseye transfere plizyè nan resòtisan etranje yè madi 21 mas 2023 a.
  • Group gang Ti Makak, asasine madi swa yon polisye e blese plizyè nan yon zatrap nan Laboul. Polisye sila ke anpil moun rele “Ti Blan”, te toujou ap defann plizyè sitwayen pèzib ke bandi yo te toujou atake e sezi byen yo.
  • Nan mitan masak ekstrèm sa yo, pèsòn moun pa tande politichyen politik yo ki mete peyi a nan sa li ye la. Anpil nan yo nan kache nan peyi lòt bò dlo e ap jwi richès peyi a.
  • Pèsòn moun pa tande swadizan gouvènman kriminèl gang Ariel Henry a.
  • Pou anpil moun, se fini! Ayiti ap antre nan moman sa nan gè sivil.
  • Pèsòn moun pa tande politichyen (senatè e depite) ak richyen (boujwa sangwen) fas ak dènye enòmite krim ekstrèm kap mete dlo nan je inosan ayisyen yo.
  • Majorite antènn gang yo toujou ap fonksyone sou fòm chofè taksi moto.
  • Plizyè katye mete entèdiksyon pou moto pa sikile nan perimèt lakay yo.

Comments are closed.