Wanament: popilasyon an nan zòn Dilè dekouvwi kò san vi yon jèn gason mouri nwaye nan rivyè Djasa

592

Popilasyon an jwenn yon jèn gason non idantifye, mouri nwaye nan larivyè Djasa, nan zòn Dilè nan Wanament.

07-09-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon nan zòn Womaribawou dekouvri bò 10 zè maten dimanch 9 jiyè 2023 a, kò san vi yon, non idantifye e kap flote nan rivyè Djasa, nan zòn Dilè.

Enfòmasyon yo fè kwè se yon jèn gason ki te vin benyen depi yè samdi a, men se jodi a moun yo wè kò a monte sou dlo a, nan espas rivyè a, ki trè fon selon moun ki konn frekante espas la. Tèt kadav la tap paweze anlè dlo, alòske rès kò a te anba dlo.

Pa gen plis detay sou lanmò jèn gason sila, sof ke kazèk yo deja tabli kontak ak jij depè pou vin drese konsta legal la.

Comments are closed.