Yon delegasyon kominote iwazyènn rann yo nan komin Wanament, pou al solidarize yo ak tout sitwayen ki angaje nan mouvman kanal Rivyè Masak la.

938

11-17-2023

Lèziwa, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou pote solidarite yo ak bay konstwiksyon kanal la jarèt nan komin Wanament, yon delegasyon ki konpoze majistra kominal Lèziwa a, Roumanie Dupalis, kire pawas Lèziwa a, notab, ak reprezantan elèv yo, pwan avyon nan vil Okay an direksyon Wanament, jounen jodi jedi 16 novanm 2023 a.

Selon enfomasyon yo, majistra Rosemanie Dupalis pataje ak sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, delegasyon sila deplase sòti Lèziwa ak yon “wòch” pou al depoze nan konstriksyon kanal la nan Wanament. Yon parèy aksyon senbolik te kore egalman ak yon sòm lajan ki estime 228,675 goud, yon tchotcho ke yo arive kolekte nan popilasyon an.

Pou majistra Rosemanie Dupalis, jès sa a, fèt an tèm resipwosite ak pèp Wanament lan kite pote “Kita Nago” kòm yon senbòl tèt ansanm.

Comments are closed.