Ansyen Senatè Edwin Zenny, konstwi yon kay 4 pyès pou onore yon machann pen patat nan komin Jakmèl.

933

Suzette Pierre, se non yon fanm vanyan k’ap vann pen patat nan komin Jakmèl depi plis pase 40 lane, ke Edwin Zenny fè kado yon kay 4 chanm.

07-08-2023

Jakmèl, Ayiti____(TRiboLAND) Pou onore Suzette Pierre, ansyen Senatè Edwin Zenny, ke tout moun konnen sou non “Edo”, ki te konn manje pen patat nan men Suzette Pierre, depi lè li te timoun piti, deside konstwi yon kay ki gen 4 chanm ak tout konfò nesesè pou ti machann nan.

Anpil moun nan popilasyon Ba-Kapwouj la te oblije deplase an foul pou te vin bat bwavo lakontantman pou gwo jès sa a, Senatè a arive akonpli pou sitwayèn nan.

Suzette Pierre ki pat vle parèt kòm yon engra, bò kote pal, fè Senatè Edo kado yon kabrit pou l te eksprime kontantman li, san konte yon gwo pen patat espesyàl, pou te make evenman an.

Kay la tou gen sistèm enèjetik pa li, li ap ka gen kouran 24/24, menm si pata gen kouran EDH. Yon ide, yon jès e yon konsèp ki ta dwe sèvi yon bon egzanp nan sosyete ayisyèn nan.

Comments are closed.