Yon polisye jwenn lanmò-l nan yon Car Wash party nan Komenn Kafou

0 506

Pòtopwens__(TriboLAND) Yon lòt polisye tonbe anba bal moun yo pa arive idantifye yèswa Jedi 22, Dawou 2019 nan Cote-Plage 18 nan Kafou. Victim nan jwenn lanmò li pwèske nan fen yon pwogram Car Wash party ki toujou plen grennen chak Jedi avèk DJ Tony Mix.

Selon temwen patisipan yo, polisye sila, ki pote non Goof Williamson ki soti nan 20 èm pwomosyon PNH la tap benyen nan san li apwè plizyè detonasyon kout zam. Van panik! Fèt gaye! Konsa, tout banbochè te oblije pwan lyann pou yo. Sa pat pwan lontan pou otorite jidisyè melanje ak lapolis komenn Kafou te pwosede avèk konsta legal kadav la.

Ensidan sa rive apwè kèlke èd tan apwè Majistra Kafou-a, Jude Édouard Pierre denonse avèk tout fòs atravè lapwès sitiyasyon tèworis ak ensekirite kap taye banda depi kèk tan nan Matissant, yon lokalite ki pa sispann vide moun atè nan zònn sid kapital la.

Nap fè sonje, menm avan denonsiyasyon majistra Jude la, anpil sèktè nan sosyete ayisyen an te deja ap rele anmwe kont nouvo fenonmènn enpòte sa ki deja simaye twoub ak kadav.

Leave A Reply