Grandans: Ijans Imanitè pou majorite a nan komin Mafran.

831

07- 04- 2023

Mafran, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon mwa aprè pasaj inondasyon 3 jen 2023 a, plis agoni tranblemantè 6 jen 2023 a, ki te ravaje enfwastrikti agrikòl e kraze kay anpil peyizan nan komin Mafran, atant viktim yo nan pasaj e yo nan gwo enpas pou yo wè latè pwomiz.

Konsa, pa genyen mo pou dekri lavi peyizan yo nan Mafran; maladi tout kalite (fyèv, dyare, ak malnitrisyon ki makònen ak yon grangou kaliko) e mizèrere ke viktim katastròf natirèl di ki pa genyen lanvè kou landwèt.

Fas a dimansyon mizè sila kap baleye komin Mafran e ki mete tout sinistre yo ajenou, ajan ekzekitif enterimè komin Mafran an, mesye Adam Dupré, mande leta ayisyen ak tout ajans imanitè yo, pote sekou.

Dupré deklare ke yo pran nan woulo nan Mafran! Li entèpele konsyan aksyon kont lafen, PAM, CRS, ak lòt òganizasyon dwa moun, pou pote asistans imanitè, bay viktim katastròf natirèl, paske bwa a mare!

Comments are closed.