Travay pou rekonekte twonson wout Lasè a, nan komin Bèl-Ans ap mache seryezman.

932

Ajan egzekitif enterimè komin Bèl-ans lan pwomèt y’ap travay nan tèt kole ak responsab TPTC yo, yon mannyè pou pèmèt sikilasyon an reprann chimen’l nan komin nan.

07-01-2023

Bèl-ans, Ayiti______(TRiboLAND) Travay pou rekonekte twonson wout Lasè a ap kontinye. Nan yon entèvyou li akòde laprès byen bonè maten 1 jiyè 2023 a, majistra komin Bèl-Ans lan, Denoil Antenor, fè konnen l’ap travay sanpèdi tan, nan tèt kole ak responsab TPTC yo, yon mannyè pou pèmèt sikilasyon an reprann eskanp figi li nan komin l’ap administre a.

Prezidan ajan egzekitif enterimè komin nan, yon lòt bò, ki tap bay detay sou pwojè a, fè konnen, vrè pwojè a se yon devyasyon kap fèt sou twonson wout komin sila, nan nivo Lasè, men akòz genyen matreryèl ki te dwe rive ki poko kapab, sa kòze reta nan nivo avansman travay yo.

“Genyen garanti nan jou kap vini la yo, pou nou jwenn yon solisyon definitif ak pwoblèm sa a”, se deklarasyon ajan egzekitif enterimè komin Bèl-Ans lan, Antenor Denoil.

Comments are closed.