Lapolis nan depatman lwès peyi Dayiti, fè yon gwo kout filè nan kan gang kriminèl 400 mawozo, jounen jedi 29 jen 2023 a.

917

Plizyè bandi fè vwèl pou peyi san chapo, plizyè moun blese, plizyè zam rekipere nan Bonèt ak Gantye, se bilan ajan PNH yo pou jounen jedi 29 jen 2023 a.

06-29-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Lwès peyi Dayiti, deside tout bon vre mete dòmi nan zye gang yo, ki pa sispann simen dèy nan sosyete ayisyèn nan. Nan kad batay kap mennen kont gang yo, ajan PNH yo blese motèlman anviwon 3 prezime gang sangwen 400 Mawozo ki tap opere nan lokalite Bonèt, Gantye ak nan komin Kwadèboukè, san konte 2 zam ilegal, mak M4 ak yon fizi kalib 12, ke chèf lòd rive rekipere.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, gang kriminèl 400 Mawozo sa yo, bwè dlo bouch yo, nan moman yo tap fè tantativ pou te arive enstalele yon nouvo chèf, nan lokalite nou sot site la yo.

Mekontan kont patwouy polisye yo nan moman enstalasyon an, sa ki ta pral debouche sou boukantaj kout zam ant lapolis ak bandi yo, ki ta pral lakòz plizyè nan yo bwè dlo bouch yo, san konte lòt ki blese gravman grav.

Comments are closed.