TPTC : Koripsyon san eta dam

1,070

06-27-2023

Bonbon, Ayiti____(TRiboLAND) Pòt pawòl Asosiasyon Jènn pou Depatman Bonbon ( AJDB) an, Lesly Victor, mande reprezantan peyi Laswis la ki nan peyi Dayiti, kodonatris pwogram apyi gouvènans lokal yo, madam Brenis Idel, pou mennen bon jan ankèt sou 91,000 dola ameriken, ke direktè Travo piblik la, ta genyen nan men’l pou egzekite konstriksyon yon lekòl pwofesyonèl pou jènn yo.

Daprè pòt pawòl la, fòk ministè enteryè ak peyi donatè a, Laswis, founi je gade yon ki sa ki reyalizasyon pwojè a; se yon ti kalòj ajoupa an blok ki san blòk sanitè, nan yon espas ki pa genyen kloti ke direktè travo piblik grandans lan ak konplisite majistra kominal ta prezante kòm pwojè, ki tèt koupe ak yon veritab kòripsyon kote konsène yo ta blanchi anvlop 91,000 dola vèt la nan konstwi zagribay.

 Nan raple, misyon PAGOD la, rive nan fen li apati fen mwa jwen 2023 a; firm konstwiksyon pwojè a, ta sanble rele direktè a chèmèt chèmètrès. Konsa, pandan direktè a se sipèvizè pwojè, men ta sanble se pwòp konpayi li kap egzekite pwojè a, ki pa reponn ak magogo lajan ki te disponib lan. Mezanmi, kòripsyon tèrib! Nou pran nan woulo!

Comments are closed.