TRiboLAND Klotire dezyèm jounen seminè li, sou fabrikasyon pwodwi chimik nan Wanament

1,354

06-25-2023

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) TRiboLAND mete fen nan 2 jounen fòmasyon li tap òganize samdi 24 & 25 jen 2023 a. Nan tèt kole avèk yon fòmatè chevrone, komite kòdinasyon Foundasyon TRiboLAND nan Wanament arive klotire fòmasyon sou fabrikasyon pwodui chimik e delivre sètifika bay plis pase 65 jèn gason ak jèn fanm.

Setifika yo remèt nan prezans Staff TRiboLAND nan ki gen nan tèt li Jn Simon Manex ak Judelin Joseph, Cheranfant Frandieu pou n site sa yo sèlman.

Dabel Phanette ki te pale nan non tout patisipan yo nan moman an voye yon chay remèsiman bay tout ekip Triboland lan e felisite responsab yo pou yon si bèl seminè, kote ke yo aprann anpil pwodwi ki pwofitab sou mache a. Patisipan yo tèlman kontan divès nan yo swete mete tèt yo ansanm pou kapab vanse avèk filozofi TRiboLAND nan.

Divès pèsonaj ki te pase vizite nou felisite ekip TRiboLAND nan pou bon jan lide l gen pou pèmèt plizyè jèn fi ak jèn gason nan vil Wanament benefisye yon parèy fòmasyon ki pou anrichi konesans yo.

Comments are closed.