Federico Valverde fasilite Carlo Anceloti gen retrèt li kòm antrènè

894

02-12-2023

(TRiboLAND) Nan debi sezon 2022-2023, antrènè ekip Real Madrid la, Carlo Anceloti te fè yon pari pandan li te di “Si Federico Valverde pa make 10 gòl pou sezon an, lap chire lisans antrènè li a. Entènasyonl Irigweyen ke Coach italyen an byen itilize, tanto kòm milye teren, tanto kòm elye dwàt, reyisi pari a samdi 11 fevriye 2023.

Federico Valverde fè yon double nan final Koupdimond la, ki pèmèt li reyisi 10 gòl nan tout konpetisyon Real ap jwe pou sezon an. Yon double ki kontribye nan viktwa ekip Real Madrid la, ki Chanpyon sou klèb Al Hilal la 5 a 3.

Federico ki te pwomèt nan yon konferans pou Laprès avan final la, si-l rive make jodia, li pral selebre ak Coach li, kenbe pwomès la. Irigweyen an, ki toujou bay tout li menm pou klèb Madrilèn lan, gen posiblite pou make plis gòl pou sezon an, paske ekip Real Madrid la ap jwe toujou : Champions League, Copa del Rey e Liga.

Comments are closed.