Gromòn Ensekirite: Fòs polis nan depatman Latibonit mete pat nan kasav yon antènn ak 2 gro chèf gang

3,293

Gromòn Ensekirite: Fòs polis nan depatman Latibonit mete pat nan kasav yon antènn ak 2 gro chèf gang

Gromòn, Ayiti____ (TRiboLAND) Fòs lòd yo nan depatman Latibonit prosede ak arestasyon “John”, yon antènn nan Gromòn ki pran pòz levanjil li, alòske lap travay pou yon mouvman gang kap ransone machin kap fè wout Nòdwès.

Antouka, nan yon operasyon tranble janm, yon ekip UDMO byen ame debake nan biznis telefònn John ki tou pre plas Gromòn lan bò simityè a vè midi jodi mèkredi premye jwen 2022 a. Aprè ke yo te finn fouye biznis sispèk la, mesye UDMO yo pat rete la sèlman; moun tap pete kouri nan moman yo te fè yon desann delye nan Ri Salomon nan Gromòn pou te fouye yon bèl kay prive John genyen, kote yo jwen yon kalib ak plizyè lòt zam ak katouch.

Lapolis te profite fouke 2 lòt bandi ki jwen arestasyon yo an koneksyon avèk aktivite gang ki grangrennen trajè ki relye Pòdpè ak Gonaiv. Fòs lòt yo arive poze lapat sou yon bandi nan zònn Mòn Salin ak yon lòt nan Basen Ble.

Anpil moun etone wè ke se John, swà dizan “Sèvitè Letènèl” ki toujou pare pou fwape bib la sou tèt moun, enplike men longè nan aktivite tchoulè pou sèvi antènn pou gang yo ki pa sispann achte zònn Gromònn, Pandi, Basen Ble ak Ti Bwàdòm lajan kontan. Antouka, rezo gang sa ke lapolis ta sanble arive enfiltre, te enplike nan anlèvman plizyè komèsan ki te abò yon machin ki tap soti Wanament. Bravo Lapolis!

Comments are closed.