Rektè UPGA a, mande yon atansyon espesyàl pou kad teknik ak administratif la nan Jeremi.

861

06-21-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Inivèsite Piblik Grandans (UPGA), kise yon estrikti dekonsantre parapò ak Inivèsite Leta Ayisyen, li lye sou plan akademik ak ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesionèl (MENFP), men ki otonom nan pwòp jesyon li antanke enstitisyon ansèyman siperyè.

UPGA ap fè fas depi ekzistans li, ak anpil kontrent tankou: pa genyen yon lokal ki rele li chèmèt chèmètrès; konsa, responsab yo oblije loje enstitisyon an nan espas (KOUK) lan, Nan chato. Ajoute ak sa, difikilte pou peye pwofesè yo bay anpil dezolasyon.

Sou plan lojistik, se zero bare, selon deklarasyon rektè a, Doktè Jean Rony Medy, pwofesè kap delivre kou pou lòd kad teknik yo. Pou Medy, siyasyon an rive nan bout li. Konsa, yo pa kapab ankò; yo pa ka kenbe ankò koz leta Ayisyen dwe yo anviwon yon dizènn mwa salè.

Nan sans sa a, rektè a mande minis finans lan pwan an konsiderasyon pwoblèm sila yo ke Inivèsite Piblik Grandans lan ap fè fas.

Comments are closed.