Ayiti klase pami 117 peyi kòm 111 yèm peyi ki pi grangou nan monn lan

0 531

Ayiti ki genyen peyi ki pi gwo peyi ki pi pwisan nan monn lan kòm zanmi li arive klase kòm 111yèm peyi sou 117 peyi ki pi gen lafen sou latè pou ane 2019 la, selon yon òganizasyon kap kontwole zafè grangou nan monn lan ki rele Welthungerhilfe nan peyi Almay.

Klasman sa ki yon gwo kou di pou Ayiti ki pa sispann pran imilyasyon devan je lòt peyi, chita sou kantite moun kap mal manje nan popilasyon ayisyènn nan, swa yon afè 49.3% kont 57.1% en 2000, lòt endikatè ki pi kritik nan nan rapò 2019 la fè eta de pwèske mwatye moun nan popilasyon an pa ka arive satisfè kantite rekòmandab kalori pwimè yo. Konsa, sa fè Ayiti ta sanble se li ki pi ba nan Kontinan Ameriken an dapwè

Endis “Global Hunger Index 2019,” ki se ONG Alman sa kap kontwole Lafen sou planèt la te fè ramasaj divès endikatè ki gen pou wè ak kesyon malnitrisyon, timoun ki mèg, ki kata epi ak kantite moun kap mouri anndan peyi a, san konte enkapasite peyi a pou konbat Lafen.

Done GHI 2019 yo rapòte ke Lafe nap taye banda nan peyi Dayiti, alèt wouj yo bay anpil kè sere kote ke li a 34.7, swa 8 pwen an aryè lòske li te a 42.7 nan lane 2000.

Leave A Reply