Balade FM, yon etwal liminez kap selebre anndan peyi Dayiti, yon nouvo prentan nan mond medyatik la

912

15 jen 2000 -15 jen 2023, safè egzakteman 23 lane, depi Radyo Balade FM ap desèvi kominote ayisyèn nan.

06-15-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Batay pou te mete kanpe yon estasyon Radyo, ki se yon ajans sosyalizasyon nan sosyete ayisyèn nan, pat yon ti zafè. Sa ki te lakòz, ti ponyen radyo ki tap fonksyone yo, non sèlman te konn politize ti moso enfòmasyon yo, men tou, aksè ak enfòmasyon pat ase fasil.


Pou leve defi a, PDG Louis Arné, yon sèvitè e yon vizyonè, ta pral bay tèt li obligasyon pou mete kanpe yon estasyon Radyo, nan dat 15 jen 2000, ki ta pral pote non “Balade FM”,102.3, nan lide pou rann aksesib, fòmil trilojik la kise, fòme, enfòme ak distrè popilasyon, patikilyèman pou moun kap viv nan seksyon kominal yo.

Pou Mèt Arné Louis, tchalenj lan, se te travay pou mete sou pye yon gril pwogramasyon pou kapte zòrèy ni nèg lavil ni nèg andeyò. Si radyo yo pran mizik konpa ak bòdègèt kòm kotidyen yo, pou orijinè nòdwès la, sa ki fè fòs yo nan entèval 23 lane sa a, se kredibilite enfòmasyon y oak yon pwogramasyon byen ekilibre.

23 lane sèvis,
23 lane politik,
23 lane sosyal,
23 lane kilti,
23 lane enfòmasyon ak distraksyon.

Balade FM, malgre gwo van, li toujou rete kanpe limen sou kadran an. Radyo Balade FM, yon sous enfòmasyon ak distrasyonse iminant. Ke bondye kontinye beni estaf, direksyon ak vizyon yon parèy medyòm ki se yon sous enspirasyon pou kominote ayisyèn nan.

Comments are closed.