Arestasyon Pè Episkopalyen, Frantz Cole nan dosye trafik zam ki enplike Legliz Episkopal Dayiti

1,761

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Pè Frantz Cole jwen arestasyon li anba lobedyans Direksyon Santral Polis Jidisyè a, jodi mèkredi 17 dawou 2022, daprè yon sou polisyè.

Genyen plis ke 2 envitasyon ke DCPJ te deja lanse bay Pè Cole, malerezman li te voye yo nan yon kwen; se konsa, arestasyon lidè eklezyastik la antre nan kad enplikasyon li nan gro kontenè zam ke yo te dekouvri nan Pòtoprens ki endekse Legliz Episkopal Dayiti.

Antouka, si nou ta vle kwè pòt pawòl PNH la, Garry Desrosiers, presume annafè a trouve li nan moman sa anba men otorite ayisyèn yo pou avansman prosesif legal yo pou yon parèy dosye nan gro tonton trafik zam ki pa sispan touye malere sitwayen ayisyen.

Comments are closed.