Gran Gwav: Aksidan bis fè 11 blese ak 5 mò

0 360

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Yon gwo poban aksidan fèt sou wout Nasyonal nimero 2 a nan zònn Mache Piblik Gran Gwav la ayè Samdi 13 Jwiyè vè 10: 45 nan maten.

Aksidan an fèt apwè ke yon bis “Dieu Qui Donne” ki tap soti Jeremi antre sou yon gwo kamyon tròk ki apwè fwape plizyè pò malere pasan sou wout la. Konsa, ta sanble chofè bis Jeremi-a ta pèdi kontwòl bis-la apwè ke sistèm ki alimante fwen nan machinn nan te sispann fonksyone, dapwè plizyè temwen.

Enfòmasyon ki vinn jwenn TRiboLAND fè eta de 16 viktim pami yo gen 5 moun ki ta fè vwèl pou peyi san chapo ak 11 lòt ki ta gravman blese.

Leave A Reply