2 moun blese anba bal nanvil Tigwav pou egjije demisyon premye minis defakto Ariel Henry nan tèt primati a.

15

09-14-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Vil Tigwav konnen yon lòt jounen tansyon. Pou pi piti 2 moun resevwa bal anba men lapolis ozanviwon 4 trè 35 apwèmidi jedi 14 sektanm 2023 a.

Aksyon sa a, pase sou wout nasyonal nimewo # 2 a, zòn mache Seradòt komin Tigwav toujou nan kad mouvman leve kanpe kap fèt pou reklame demisyon PM Ariel Henry nan tèt Primati a.

Pwotestatè yo estime lekòl la pa kapab posib avèk Ariel Henry nan tèt peyi a, akoz chèf defakto PHTK a, pa kreye okenn kondisyon pou moun viv ni pou ouvri lekòl anndan peyi a.

Nap raple, genyen 2 jèn gason ki te tonbe anba bal lapolis yè mèkredi 13 sektanm 2023 a, youn rele Alex epi lòt la se Ediardy Cedrick Joseph.

Comments are closed.