Leta Ayisyen ap fè bwas pou poze lapat sou tout byen ak lajan Sogener

453

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan kad zafè SOGENER ak Leta Ayisyen, gouvènman ayisyen an pwan lòt desizyon jistis.

Apwè ke yo te finn fè yon poze lapat sou 2 santral elektrik, Varreux 1 e 2, otorite jisdisyè yo anvizaje yon lòt mezi ki se jele ou bloke tout mago lajan diferan manb nan fanmiy Vorbe la ak tout lòt biznis makrèl genyen nan bank lòt bò dlo.

Antouka, otorite jidisyè pa sispann miltipliye demach atravè rès monn nan pou chèche boske divès tras byen ak asèt konpayi Sogener ki nan gwo meli melo sou kontra kouran ak leta ayisyen.

Apa de sa, manm konsèy administratif Sogener yo, pa sispann ap fè fas kare ak yon manda pote vini ke pakè tribinal pwemye enstans Pòtopwens desène kont yo depi plizyè semènn.

Comments are closed.