Kidnapping: bandi sangwen ame ki pa idantifyàb anlve direktè sukisal Capital Bank lan nan Pòtopwens


Pòtopwens_____(TRiboLAND) Ka kidnapping yo pa sispanm plonje Ayiti tèt dwàt nan lanfè; endividi sangwen ame yo pa arive idantifye anlve Jean Baptiste Stéphane Bernard Cameau, direktè depatman trezò anèks Capital Bank lan ki lokalize nan “Rues des Miracles” maten jodi 6 septanm 2021 abò yon pickup doub kabin.
Kidnapè yo arive pran yon Toyota Prado ke Mesye Cameau tap kondwi e yo anlve li nan moman li tap fè dilijans pou antre nan biwo li, devan strikti Capital Bank lan nan sant kapital la, Pòtopwens.






