Pòdpè: Yon bandi tonbe anba bal lapolis apwè ke li tap eseye dechèpiye moun

481

Pòdpè____TRiboLAND) Yon bandi mouri maten an nan echanj kout zam avèk lapolis tou pwè yon ponp gazolenn “Total” nan vil Pòdpè.

Sous TriboLAND yo fè eta yon tantativ holdup ke yon bandi tap eseye maniganse yon fason pou kouche moun nan anviwònnman an e dechèpiye yo. Konsa, lapolis pat pran tan pou rive a lè pou reponn ak aksyon bandi a. Nan echanj kout zam ak lapolis, bandi sa ki rele Ti Pòtopwens ke moun te arive idantifye, te krible anba bal ajan PNH yo kit e genyen difikilte pou idantifye l.

Tou swit, parèy jidisyè nan vil Pòdpè, sou direksyon Jij Paul Blanc pat pran tan pou pwezan sou plas nan kad konsta legal kadav la. Konsa, chèf lòd yo te tou pwofite mete aba kòd 2 pwezime chèf gang ki te pwezan kòm obsèvatè.

Comments are closed.