Rebondisman maladi kolera LONU an nan 3èm seksyon kominal Jeremi, zònn Gon Dayè: Majistra Sylmatha Pierre lanse yon SOS.

762

03 – 01 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Parapò ak maladi kolera LONU an, ki refe sifas nan kèk zònn nan Jeremi, majistra kominal la, Sylmatha Pierre, lanse yon apèl ijan bay responsab Sante Piblik yo, pou entèvni nan 3èm seksyon an, jis pou anpeche plis peyizan mouri akoz absans asistans medikal.

Nap fè remake, 3èm seksyon kominal Peevil, se pi gwo seksyon kominal nan komin Jeremi, ki pa genyen yon lopital leta ki kapab fasilite priz anchaj oken malad.

Comments are closed.