Gouvènman Moise Jouthe ta sanble dakò pou fè pase men nan atik 49 nan dènye dekrè tèt chat la

218

12\16\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè jodi mèkredi 16 desanm 2020 an sou Radyo Metropòl, youn nan konseyè Jovenel Moise yo, Richard Doré anonse ke gouvènman an konte trese lèl pou fè yon ti pase men sou dènye dekrè prezidansyèl malè pandye a ki deja susite anpil deba ak kritik sou plan nasyonal.

Konsa, atik 49 nan dekrè ki bay anpil lawouli, e ki ta soti pou bay jarèt ak kreyasyon yon ajans Nasyonal Entelijans ki ta gen menm plimay ak yon kò milis kap kontinye tèworize popilasyon an; yon akizasyon ke Guichard Doré voye jete byen lwen.

Daprè konseye Jovenel la, atik la an gro ap modifye e egzekitif la lage misyon pase men an nan kan office de la Protection du Citoyen et de la Citoyenne ki anba lobedyans Renan Hédouville, daprè Dore ki tap depose sou Radyo Metropòl.

Antouka, anpil moun on tijan pentad sou wòl ak demakaj ANI ki ta sanble deja fè moun pran sant ditatè.

Comments are closed.