Otorite ayisyèn yo ekstrade Maxony Germinal, manm “400 Mawozo” lòt bò peyi Etazini

1,374

07-17-2022

Pòtoprens, Ayiti_______(TRiboLAND) Selon yon sous polisyè, otorite ayisyèn yo anonse ekstradisyon nan peyi Etazini yè samdi 16 jiyè 2022 a, gro founisè zam group gang 400 Mawozo a, Maxony Germinal.

Selon otorite ayisyèn yo, yon parèy “voye ale” gen pou wè ak koperasyon avek otorite amerikèn yo, patikilyèman ak distrik Columbia nan Washington, Etazini.

Maxony, se youn nan reselè zak kidnapping ak sekestrasyon ke group gang “400 Mawozo” te fèt sou misyonè ameriken yo nan samdi 16 oktòb 2021.

Yo te fouke Maxony nan moman li tap kandale desann nan yon Ford Ranger tou blan (imatrikile : AA-22747) sou wout Malpas nan moman li tap eseye travèse lizyè an direksyon repiblik dominikèn nan dat 26 avril 2022.

Comments are closed.