Delegasyon depatmantal lwès la, mande ak popilasyon an pran anpil prekosyon pou evite plis rèl kay makorèl nan dat 7-8 jwen kap vini la.

976

Ond twopikal kap gen pou travèse peyi Dayiti sòti, mèkredi 7 pou rive jedi 8 jwen 2023 a, kap pote gwo van, ak anpil lapli lawozaj, kapab okazyone pi gwo dega.

06-06-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt adrese ak laprès, nan dat 05 jwen 2023 a, delege depatmantal Lwès la enfòme popilasyon an kap viv nan depatman Lwès, patikilyeman; daprè enfòmasyon ki sòti nan sèvis meteyolojik, sou yon ond twopikal kap gen pou travèse peyi Dayiti, nan dat kap mèkredi 7 pou rive jedi 8 jwen 2023 a, kap pote gwo van ak anpil lapli bouch mare.

Nan sans sa a, delegasyon an mande ak tout moun pou pran anpil prekosyon, kont fenomèn eboulman tè, gwo kouran dlo, moun ki abite bò lamè, sou kote ravin, nan flan rivyè, poun site sa yo sèlman.

Pierre Garry Bernadotte, kap mennen bak delegasyon an, alète tout moun pou yo swiv konsèy responsab yo ki nan pwoteksyon sivil, ak nan delegasyon an, kap gen pou klèwonnnen mesaj sila a, yon mannyè pou n rive limite dega yo. Zòrèy pa dwe di pase tèt, tande konsèy yo pou’n limite dega yo!

Comments are closed.