Zlatan Ibrahimovic fè yon kraze kite sa nan mond foutbòl la.

1,287

Dezòmè, entènasyonal “Sedwa” a, Zlatan Ibrahimovic, pap jwe foutbòl ankò. Li mete fen nan karyè li, yè dimanch 4 jwen 2023 a.

06-05-2023

Milan, Itali____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon piblik ki fèt yè dimanch 4 jwen 2023 a, entènasyonal “Sedwa” a, Zlatan Ibrahimovic, 41 rekòt kafe, anonse li bay monn foutbòl la legen.

Nan moman Zlatan Ibrahimovic tap prepare’l pou sòlòkòtò jibile a, dirijan klèb foutbòl ki pote non AC Milan an, ta pral òganize yon gwo seremoni adye, ansiy kontantman ak satisfaksyon ak entènasyonal sedwa a, pou kontribisyon li anndan ekip la.

Reyalize yon bilan pozitif pandan pasaj li nan monn foutbòl la, pou anpil moun, Zlatan Ibrahimovic se plis ke yon ikon ki fè non’l nan espò woule balon an.

Comments are closed.